mistergentle

Joined: 11 Mar 2006 Posts: 1132 Location: In your soul !!!
|
Posted: Thu Feb 16, 2012 6:46 pm Post subject: |
|
|
| reginaldo wrote: | | mistergentle wrote: | | reginaldo wrote: | Se fot T-vice si Djakout te pran tout tan sa a pou yo kopye kanaval Machel montano a ? Nou toujou ap chache excuse pou justifier defaite nou.
Mwen te ka di menm bagay la tou wi, Brothers posse te soti lontan avan T-Vice , m te ka di si yo te soti ansanm T-vice tap premye.
chak djaz soti kanaval yo lè yo kapab, sispann plenyen, sispann chache excuse.
 |
Sa se yon analiz tet chat ou sot fe la, patne.
Klasman an fet pou dat sa yo. 5 Fev rive nan 12 Fev.
Le 5 Fev., kanaval T-Vice la te deja nan lari. So ni T-Vice, ni Brothers te daja nan lari le klasman an klase. So si Brothers bat ou nan tout tet, yo bat ou ak fos ponyet yo.
Epi zafe kanaval Machel Montano sa, pa repete l' anko. M' te mete yon link ki montre kote T-Vice kopye yon paket lot moun pou kanaval. Nan zafe vole kanaval, mwen se yon one-time vole tandi ke ou fe tout karye ou ap vole. Nou pa nan menm level. |
Kot djakout te ye li menm ki fè li pat ka soti avan ?
poukisa Djakout toujou ap tann se lè kanaval T-vice soti pou yo rantre nan studio ?
pat gen moun ki te fose djakout soti kanaval li an dènye , kounya reyalite ya frape w' pa vin chache excuse , se Nou menm kap bay piyay. T-vice ap pran piyayyyyyyyyyyyyyy |
Nou toujou ap di "Oh Djakout te gen tout tan sa nan men l'". Nou konnen kile Djakout te komanse travay nan kanaval li? Eske nou ka konfime ke Djakout ak T-Vice komanse travay an menm tan, epi T-Vice fini anvan l'? Se selman le sa nou ka di ke Djakout te gen paket tan nan men l'.
Kanaval Djakout la soti 4 jou apre T-Vice. Sa ki di nou Djakout pa te komanse travay sou kanaval yo 3 a 5 jou apre T-Vice te komanse nan pa l' la?
Klasman k'ap pwouve kiyes ki chanpyon nan konpa a vre, se pwochen klasman. Paske tout djaz konpa yo ap ladan l' du debut klasman an jis nan fen li.
Bagay sa ou vle fe pase a, li p'ap pase, patne. Kom mwen di w', nou we anba zel kat ou.  _________________ Fransè mawon de Bèbèt:
1-"C'est l'une des plus populeurs fêtes
2-"toutes les gens sortent de tous les provinces
3-"... qui apportent cetté nouvelle flévè qu'on appel-lé Lé flévè..." |
|