FANMKONESE
Joined: 13 Mar 2006 Posts: 3554 Location: UNDER YOUR SKIN
|
Posted: Wed Dec 26, 2007 2:24 am Post subject: |
|
|
This email was from a KM Member ki fanatik mwen...better yet fanatik Djazz la...a Djazz la guen affais wi..........
GADE LOVE LETERNEL DES ARMEE......sim dit mwen pa trouve sous km....GOD WILL PUNISH ME LAGENT KONTAN ........
read on my peeps......
| Quote: | Lè matin avan mwen soti, mwen priye, e mwen toujou mande Grand Architecte la pou'l voye zye'l sou ou, pou'l pwoteje'w, gide'w e akonpanye'w tout kote'w pwale, e tout sa'w genyen pou antwepwann pandan jounen'w.
Lè swa avan mal domi, mwen priye, e mwen toujou mande Grand Architecte pou'l voye zye'l sou ou, e pou'l voye 4 nan zanj li yo siveye'w de kwa, pou nwit toujou bèl e san pwoblèm.
Mwen mete pwoblèm mwen, e pwoblèm pa'w tou men'm si ke mwen pa konnen yo devan Grand Architecte la de kwa, pou ane sila kap vini a pou rèv ou, sa'w te mande'l yo realize, e mwen konnen ke yo genyen pou yo realize, jis on ti pasyans.
Ou se on moun ke mwen apwesye anpil, e mwen mete'w pami kategory moun ki chè a mwen menm, pa sezi non, paske map di'w poukisa. Ou se on bon moun, dayè lè'm down pafwa, ou toujou ede'm. koman? mwen jis al gade post ou yo epi mwen byen, ou byen mwen jis tande vwa'w, menm si mwen pa jwenn se Voice Mail la, mwen byen.
Ou se on moun anko ki konpwann lavi, dayè nan ti konvèsasyon ke nou konn fè pafwa, de lot bagay ot ke mizik, mwen wè ke len konpwann lot rapid, e mwen wè ke ou kopwann "La Nature." Eske mwen gen dwa di ke nou genyen anpil bagay ou kwè nou gen pweske menm ide an komen? Ou byen eske mwen gen dwa di ke nou sou menm longueur d'onde. Mwen kite kesyon sa yo pou reponn, mwen pap fose'w non, si'w vle.
Ou se on moun anko ki trè spyrytyèl e ou mistik.
Bon avan mwen ale, fok mwen di'w .......sipoze toujou zanmi verite. Cecile cherie, mwen konnen ke'w te an vakans, e mwen kwè ke ou te pase anpil bèl moman, anpil plezi, mwen kontan, dayè depi ke kè'w kontan mwen sipoze kontan.
Men ou tounen, ou pa menm ban mwen ou ti signe de vie menm, poukisa? Bon mwen paka fose'w rele'm, men mwen toujou renmen tande vwa'w.
avèk tout rèspè |
_________________ Personally, I am always ready to learn, although I do not always like being taught."
--Winston Churchill |
|