Neg Timid

Joined: 06 Apr 2006 Posts: 2684 Location: Brooklyn, NY
|
Posted: Thu Dec 24, 2009 11:13 am Post subject: |
|
|
Nou tout (mwen-menm ladan n tou) nou t’ap plenyen Arly se nèg ki kras, li menm avèk Gazman ankese tout lajan Nu Look, « yo manje vant yo plen », yo pa janm fè yon ti video. Finalman, sou presyon, nèg la met yon video deyò ki akseptab apre 2 zan, nou tout soti pou ba l gwo pye pou Bentley l ki byen klere, l’ap woule. Mesye-o ! Alò ki nèg ki pa sansib pou machin yo? Gen nèg isiya se bò yon driveway y ap pase, epi yo fè foto machin moun yo, yo deklare se machin pa yo; oubyen se yon ti kou yo ba yo fè, epi yo tou fè foto yo dèyè volan an. Arly, pa okipe moun tande frè m ! Se 2 jou a viv, jis jwi lavi w. Toujou sonje satisfaksyon tèt ou avan tout moun. Se konsa ou te deside fè konsepsyon video w avèk reyalizatè a, tout moun ap oblije pran n konsa, renmen n ou pa... Paske se sa ki fè Arly-Bentley plezi. Pou dabò, tout CD albòm sa a fin vann deja. Ki vle di, se pa pwomosyon albòm nan ou t’ap fè..... Se plezi w w’ ap pran pou montre jan Arly ap byen fè l. Monchè, mwen byen kontan pou ou gason m ! An parantèz ( Sa zòrèy yon moun tande, pa oblije sa zye l wè).
NT _________________ Richie est un grand musicien qui ne peut pas être compris du commun des mortels, car les notes qu'il émet sont trop élevées pour les oreilles du vulgaire. |
|