kompamagazine Site Admin

Joined: 31 Dec 1969 Posts: 36140 Location: NEW YORK
|
Posted: Thu Feb 09, 2012 5:29 pm Post subject: 22 CARNAVALS REVIEWED BY HAITI RADIO PERSONALITY JOSIAS! |
|
|
KOMPA MAGAZINE spoke to JOSIAS PIERRE of SCOOP FM in Haiti, and he also has another hat as the direction de communication ministere des affaires sociales.
Check out this very interesting interview we had with JOSIAS today.
____________________________________________________________
1)KREYOL LA
JOSIAS: Ah kreyol la mwen panse yo pat vreman prepare kanaval yo a. Mmwen konprann sa paske yo telman gen anpil kontra yo tres actif, so yo pat gentan pran tan yo pouw yo fe yon pi bon kanaval. Not so good not so bad, menm panse yo ka jere sa sou beton an. Men pou kanaval la pou mwen yo pa delivre.
2) CARIMI
JOSIAS: Nan zafe kanaval mwen panse Carimi ta dwe reflechi anpil sou jan yo ap monte kanaval yo. Mwen panse yo gen yon monotonie anrage ki fe'm panse ke yo juste fe yon copy paste de sak te fet deja. E mwen santi menm fanatik yo komanse bouke ak model kanaval Carimi yo men mwen renmen video a. loool chicken again.
3) GAZZMAN/DISIP
JOSIAS: Ane sa Gazzz la frape Gracia anpil, men mwen panse Gazz la rete egal a li menm.. but mwen selman pa konprann lyrics yo kote li di "yo ap palel mal" alor ke anpil bagay ki rive avan kanaval la soti c la verite. se pa manti moun fe sou li. Tout moun we ak tande tout bagay, men mwen jwenn anpil demande nan scoop fm pou kanaval Gazzman nan pou ane sa.
4) KREZI
JOSIAS: Congratulations! bravo pou Krezi yo soti on kanaval ki pa sanble ak sa yo te fe deja dans le passe, kom yo pa jwe anpil pou ane a mwen panse yo te gen ase tan pou yo te travay anpil sou kanaval pa yo. se yon meringue ki puise anpil nan kanaval ansyen djazz yo avec yon touche nouvelle, pou ane saa yo pase test la.
5) DJAKOUT MIZIK (Not #1)
JOSIAS: Neg sa yo gen anpil astuce, anpil audace. Yo tout ap kopye Pouchon, Shabba ak Ti pouch epi yo di se yo ki original la. Men kom yo gen le grand Maestro Tony Jean Baptiste avek yo li ba yo secret a yo fe yon bel kanaval kanmenm, men mwen ta swete apre kanaval la yo leve pye yo pou yo fe yon bagay poum pa we se nan kanaval yo pi bon looool.
6) MIKA/OLIVIER
JOSIAS: Mika ak Olivier se 2 konpetan menm si kanaval yo a pa diffuse anpil nan medya yo. Men yo degaje yo anpil ce n est pas la grande forme, kom c premye kolaborasyon yo nan zafe kanaval, mwen panse ane pwochenn sa pral pi bon pou duo a.
7) VWADEZIL
JOSIAS: Vwadezil se yonn nan kanaval kap mache nan moman pa gen manti nan sa, mwen panse rankont Gdolph ak Fresh la se yon expoziv mesye yo mete tet ansanm yo reyalize yon kanaval tet chaje. Yo montre vre ane sa yo konn sak rele kanaval, epi mouvman raboday la se zafe pa yo. Mwen panse se yonn nan djazz ki ka fe anpil malheur si yo rive jwenn char pou yo nan defile ya.
BOUKMAN
JOSIAS: Banm pam ladann se tit kanaval yo ane sa, mwen pa konnen sak pase buzz yo konn genyen nan kanaval yo mwen pa santil vreman ane sa. Petet se paske yo gen originalite pa yo nan jan yo decri pwoblem nan societe ya, men ane sa mwen pa retrouve yo menm. Si mwen panse yo pa razz ane a nan style yo toujou kenbe.
9) MASS COMPAS
JOSIAS: Bon mwen tande kanaval la wi men li pa rive sou mwen. Epi mwen panse Frero rele anpil nan partition vocale pa li yo. Mwen panse Gracia pa grande menm nan chante kanaval, se pratikman menm bagay yo sinon mwen apresye solo guitar Delices yo kem panse Gracia pat kitel met input pal nan kanaval la. c du Gracia rien de nouveau sous le soleil.
10) KARIZMA
JOSIAS: Ah mwen pap ka pale de Karisma mwen poko pran tanm poum byen tande kanaval yo a sorry.
11) RAM
JOSIAS: Ram kenbe originalitel. c pratikman menm pattern nan, men se yon bon kanaval cote texte mwen vreman dako ak yo pou promosyon yo fe pou Haiti. Se yonn nan meringue kap mache sou station radyo yo epi mwen panse yo pral fe anpil bel bagay nan pakou a aux cayes.
12) KING POSSE
JOSIAS: Ah sorry again.. mwen poko vreman pran tan poum tande kanaval King posse ya looool.
13) FASIL de REGINALD CANGE
JOSIAS: Bon fok mwen diw bo kote pam, mwen pa janm konprann sens kanaval Fasil yo. Men pou ane sa anko mwen vreman pa we clair. men pou ane sa mwen panse Reginald pat vreman sou sa ane sa. Trust me.
14) DJAKOUT #1
JOSIAS: Mwen kwew ou gen nouvel la Pat. Map gade jan kompamagazine ap kraze apre kanaval sa soti, mwen panse ekip Dkajout #1 an humilye Vice la ak intro kanaval saaaa epi mwen panse Djakout ale fort anpil. Neg yo pa sere kras menm. Neg yo fini ak Vice la. Mwen ront menm si'm jwenn justis mwen loool,
Mwen toujou di pandan Roberto ak critike Shabba pou pale francais ya, ka pal pi grav lontan. Djakout lage koze tet mort a, djakout pale de Vice la kap fe sousou nan pied Micky jounen jodi ya, paske yo bezwen pouvwa. kanaval sa pral bay anpil problem nan pakou a aux cayes le djakout ap pase la polis ap gen anpil travay pou yo fe.
15) BARIKAD CREW
JOSIAS: Bc "toulebagay" la gaye nan vil la. Tout pep la ap chante Bc. Se vre mwen ka di sur le plan rythmique c pratiquement la meme ligne paske lew ap tande kanaval la, ou ka menm fredonnne lot kite soti deja yo, men sa pa anpeche yo gen succes ak formule la. Pou ane sa yo fe ti buzzz pa yo.
16) BROTHERS POSSE
JOSIAS: Ane sa yo fe yon gwo kou, menm si yo pap nan pakou aux cayes lan men mwen konnen yo pral fe anpil bagay potoprins. Men pou kanaval la ane sa felicitations pou Brothers la. Mwen renmen texte yo an epi yo pa change style yo. Minm conception an bon anpil. Yo gen anpil demande menm jan ak Vwadezil ane sa.
17) LEGEND
JOSIAS: Djazz kanaval la se koze pa yo.. d'ailleurs yo admet li. Yo se djazz kanaval. Mwen pa gen gwo koze mwen ka di sou Legend lan, sof ke yo just remanye sak te konn fet deja. So far so good. Yo gen anpil moun ki renmen kanaval yo a ane sa.. menm sim pa konnen sa yo pral fe apre sa, paske finalman ce chak kanaval Legend paret tet li.
1 T-MICKY
JOSIAS: T micky benefisye de prezans papal nan leta poul nan pakou kanaval la, men map honnete avew kanaval yo a pa mache, men mwen pa gen pwoblem pou yo ba yo chans. Yo mwen pa gen gwo koze mwen ka di sou T micky frem.
19) T-VICE
JOSIAS: Mwen pa vle vreman opine sou kanaval mesye sa yo patizan. Sel bagay map di le yon moun ou pa legal ou pa trip sou lot neg ki pa legal. Koze pale francais sa just fini ak ekip Tvice yo, epi mwen paka konprann koze le 2 janvier yo te bat Djakout aloske tout moun dako ke ce djakout kite genyen nan choc des titans... menm si Vice la pat pase mal nan tandem sa...epi Vice la banm elikopter a ankor sou on lot forme ankor.
20) ROCKFAM
JOSIAS: Menm jan ak Barikad yo te gen anpil atant pou kanaval la gen anpil face 2 face ki fet sou medya yo an haiti tout moun reyaji positivement. Anyway mwen pa vreman jwenn anyen de new nan meringue sa yo but mwen jwe yo kanmenm paske yo mande'm yo.
21) BLACK EZ
JOSIAS: Mister le trippeur EZ. Bon black la tres amusant ak kanaval li yan. Mwen panse Black la fe yon gwo kou pou kont li ane sa. Ou konnen li pa nan okinn lot djazz e li pwofite soti tet li pou ane sa, menm sim panse Black la ta dwe pwofite kenbe mouvman apre kanaval. Sa tap pemet li gen biznis pal apre tout monte desann li sot fe yo ki pa vreman bay resultat, men m si li pa jwenn char poul soti, mwen panse le fait ke'l soti kanaval li, li pa absent ane a.
22) JPERRY/WANITO
JOSIAS: Bon mwen panse periode sa tout moun ap soti kanaval, men gen anpil atis mwen panse ki pat dwe oblije ale nan studio mete kanaval deyo. Yo te ka profite de tan sa pou yo travay nan studio, men kom theme ane sa on ti jan pran parol J perry a ak musik dekole ya, mwen panse kanmenm yo te ka pito remanye dekole ya pou te mete anpil animasyon sou pakou a, paske duo a met ansanm, yo fe yon kanaval menm rete kwe ke yo pa satisfe de repons publik lan.
23) SI YO MANDE'W pou chwazi 2 jaz ki PA GIN CHA...ke ou pense ki MERITE CHA...kiyes ou tap bay 2 cha sa yo et poukisa?
JOSIAS: Krezi ak Vwadezil. Mwen taka di'w Brothers tou men yo menm yo gen char pa yo deja.
24) KI 3 Kanaval ke ou pense ki MERITE fe plus bri ke yap fe kounien an min pou ou rezon..PUBLIC LA PA BAL impotans?
JOSIAS: Alovi Yawe. Paske mesaj yo pote ane sa tres fort pou mwen se yon meringue ki byen travay texte neg yo bon mwen swete'w tande kanaval sa.
25) Ki 3 KANAVAL ke "OU" pi rinmin pou sezon 2012 la?
JOSIAS: Djakout #1, Vwadezil, Krezi.
26) Ki 3 Kanaval KI PLUS AP MACHE/REQUESTED nan show pa'w la?
T vice, Vwadezil, Djakout#1.
KM! _________________ KOMPAMAGAZINE CONTACT INFO
Phone: (646) 529-5735
E-Mail: Kompamagazine@gmail.com
 |
|